Dènye Mondyal — 2 lejann nan monn foutbòl la
Premye match Messi ak Ronaldo te jwe sou menm teren an, se te nan (Ligue des Champions) an, 23 avril 2008 .
Mwen t ap gade match sa sou yon ti televizyon nwa e blan yo, paske nou pat gen kouran donk nou ouvri yon ti Invètè (Inverter). Nou pa t vle mete gwo televizyon an pou batri a pa fini twò vit.
Si w mande m ki jwè mwen pi renmen, m ap di w se Messi… e mwen se yon sipòtè Brezil. Ou wè sa fè sans? 👀
Men mwen apresye anpil talan ak disiplin Ronaldo.
2 lejann sa yo te bay anpil plezi nan foutbòl la depi 2008 pou anpil ane sitou pandan yo tap jwe nan menm chanpyona nan peyi espay(La liga).
Men… e si final Koup di Mond lan se Ajantin kont Pòtigal…?
Imajine sa…
Dènye match la.
nan pi gwo sèn nan foutbòl la.
Messi ak Ronaldo…
yon lòt fwa ankò.
Si final la se Ajantin kont Pòtigal…
kiyès ou tap vle genyen?
E poukisa?
Klike “Repons” pou ekri sa w panse a. (Kreyòl oswa Anglè — toude bon.)
“Mbappe pap kite sa rive ankò.”
“Messi deja ekri istwa li… si Ronaldo ta pran youn an 2026, sa t ap jis konplete pa istwa pa li.”
“Gen moun ki toujou ap diskite… men mwen menm mwen chwazi bay respè pito.”
“Si Ronaldo pran l, sa ap fè listwa vin pi bèl… si li pa pran l, li deja yon lejann.”
“Kèlkeswa sa ki rive an 2026… mwen pap janm bliye epòk sa a.”
“Sispann reve mezanmi, Se Ayiti kap chanpyon....”
Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.
Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn jwè.
Imaj la se yon imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.
Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.