SOUVNI BREZIL Epizòd 6 — Brezil vs Ayiti: 2004->2026

Epizòd 6

Brezil ann Ayiti — Yon souvni sou 18 out 2004, gòl Ronaldinho a,

Kijan ou tap reyaji…

Kijan ou tap reyaji si yon moun vini lakay ou epi li kòmanse jwe domino, kat oubyen jwèt video avè w… epi li ba w 6 kal nan jwèt la?

Epi chak fwa l ap mennen sou ou…

tout moun lakay ou kontan anpil.

Yon moun ap pèdi pandan tout moun lakay la kontan anpil.

Eske sa tap fè w plezi?

Ebyen se sak te pase 18 out 2004.

Lè ekip Brezil la te vini jwe yon match amikal ann Ayiti, yo bat Ayiti 6-0.

Chak gòl ki fèt…

foul moun nan estad la, ki te ayisyen, te kontan anpil.

Bon… poukisa?

Poukisa anpil moun te reyaji konsa…

aloske se ekip pa yo menm ki t ap pran gòl?

Se paske anpil ayisyen renmen ekip brezil la anpil pou fason yo konn jwe…

yo te konn gade yo nan televizyon pandan plizyè ane.

Epi jou sa a…

yo te gen posiblite pou yo wè yo an dirèk.

nan menm estad ak yo.

Gòl Ronaldinho a.

Ronaldinho pran balon an…

li kòmanse drible kèk jwè yo youn apre lòt…

tankou li nan antrenman.

Lè li rive devan gadyen an…

li pase li tou…

epi li mete balon an nan filè a.

Ronaldinho ap drible epi make kont Ayiti.

Sa ki te pi enteresan an…

Apre li fin fè gòl la… li pran danse devan foul la.
Ki reyaskyon foul la?
Yo tout te kontan😂

👉 Si w pa sonje aksyon an, gade l la: gòl Ronaldinho kont Ayiti

Kesyon

👉 Kesyon pou ou

Ayiti pral jwe kont Brezil nan Koup di Mond 2026 la(19 jen 2026).
Eske Ayisyen yo ap toujou kontan… lè Brezil fè gòl sou yo?


Sa w panse? Konbyen match la ka fini?

Klike “Repons” pou ekri ti kòmantè w la. (Kreyòl oswa Anglè — toude bon.)

💬 Sa Kèk Lektè Di

Lektè

“Men kesyon an bon anpil… Si sa rive ankò jodi a… m pa sèten Ayisyen yo ta reyaji menm jan an.
Men yap pran 7-0 fwa sa”

Lektè

“Yap gen Neymar, nou menm nap gen Nazon. Nap fè match nil avèk yo (2-2).”

Lektè

“Depi Ayiti fè yon gòl senpleman. Map satisfè.”

👉Si w renmen seri a, ou ka abòne pou w resevwa notifikasyon lè yon nouvo epizòd disponib .

Avi enpòtan

Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.

Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.

Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.

Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.