Dènye Minit — Yon souvni sou final Copa América 2004 la, yon kouzen mwen, epi yon gòl Adriano mwen pap janm bliye.
Lè yon gòl fèt nan dènye minit yon match…
si se ekip ou t ap sipòte a ki fè li, ou pa menm konn ki kote pou mete kò w.
Men si se ekip ou a ki pran gòl la… ah, se yon lòt istwa nèt.
Ebyen… se egzakteman sa ki te rive yon kouzen mwen ki t ap sipòte Ajantin nan Copa América 2004 la.
Se te final la.
Brezil kont Ajantin.
Tout moun te sou presyon.
Jou sa a, kouzen mwen an te vin vizite nou soti Ozetazini.
Li te vle Ajantin genyen final la, Pou jan ekip li tap byen jwen, Mwen te panse se sa ki ta pral fèt vre.
Ajantin t ap mennen sou Brezil 2–1.
Kòm match la te prèske fini, kouzen mwen an te deja al achte anpil bwason pou li menm ak lòt sipòtè Ajantin yo, paske li te kwè yo t ap selebre viktwa a apre match la.
Nan moman sa a, li te prèske fin sèten match la te deja nan men Ajantin.
Men foutbòl gen yon bagay li toujou fè moun sonje:
match pa janm fini anvan dènye kout siflèt la.
Men…
Nan dènye minit match la, Adriano bay yon gòl, epi match la vin 2–2.
👉 Si w pa sonje moman sa a, ou ka gade li isit la.
Jis imajine kijan kote nou t ap gade match la te ye!
Te gen anpil kè kontan, men tou anpil sezisman.
Moun yo t ap sote.
Yo t ap rele.
Se tankou chanm nan menm t ap tranble.
Kouzen mwen an te tèlman sezi, pandan moun yo ap sote ak rele, li leve byen vit, li soti kite chanm nan…
ak yon figi ki te montre bagay la te fè l mal.
Finalman, Brezil genyen match la nan penalite.
Epi sipòtè Brezil yo te fete avèk bwason kouzen mwen an ki li menm t ap sipòte Ajantin.
Franchman…
sa se youn nan moman foutbòl mwen pap janm bliye.
Mwen te aprann yon bagay jou sa a:
Nan foutbòl, pa janm selebre twò bonè… paske jouk nan dènye minit match la, tout bagay toujou ka chanje.1) Eske w sonje yon match foutbòl oswa baskètbòl kote w te panse li fini… epi tout bagay chanje nan dènye minit la?
Klike “Repons” pou ekri ti kòmantè w la. (Kreyòl oswa Anglè — toude bon.)
“😂😂 foutbòl pa gen pitye non! Ou kwè ou genyen, ou gentan ap pale… epi dènye minit la kraze tout plan w!”
Ah non 😭 Lè se ekip ou a ki pran gòl la nan dènye minit… sa pa fasil ditou. Ou santi tankou yo pran yon bagay nan men w.
Mwen pap janm bliye final basket Heat vs Spurs la (2013)...
Dènye twa pwen Ray Allen te fè a te fè m mal anpil...
Adriano te fè m pase yon move sware apre match la.
Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.
Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.
Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.
Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.