Ekip Brezil la te si tèlman anfòm, selon mwen anpil moun te panse se yo ki t ap chanpyon. Men kèk nan gwo jwè ki te la yo: Ronaldo, Ronaldinho, Kaka, Adriano, Robinho ect…
Si w ta konpare ekip Brezil 2006 la ak yon ekip NBA, kiyès ou ta di li sanble plis?
Brezil te bat tout ekip ki te nan poul yo a.
Men lè yo rive devan Lafrans… bagay yo te chanje ankò.
Sa ki te pase nan final 98 la… se menm santiman an mwen te santi ankò. Fwa sa, mwen te deja nan adolesans mwen. Mwen te konprann byen kijan bagay sa yo mache — nenpòt ekip ka elimine.
Tout jwè yo te anfòm, epi fò moun ki t ap sipòte Brezil te kwè ane sa a, Brezil t ap tire revanj sou Lafrans. Men...
Match la te fini 1-0. Lafrans genyen.
Ki eskiz mwen te ka bay kounya lefètke Brezil te pèdi devan Lafrans ankò?
Daprè mwen… Okenn Eskiz!
Yon mayestwo se yon moun ki metrize sa l ap fè. Li pa nan prese, epi li fè tout bagay mache ann amoni.
Donk daprè mwen, se konsa Zidane te ye jou sa a.
Zidane t ap jwe mitan teren ni pou Lafrans ni pou Brezil, si tèlman li te byen jere de pati teren an!
Li drible jwè yo tankou se nan antrènman li te ye. Menm mwen ki t ap gade match la te santi m pran drib nan men mayestwo a.
Kòm mwen te antoure ak sipòtè Brezil, mwen pa t ka pale fò men mwen t ap di nan kè m: “Mezanmi, gad kijan yon nèg fò!!!”
1) Ki jwè (foutbòl oubyen basketbòl) petèt ou pa t twò apresye okòmansman… men apre sa ou vin respekte talan l?
2)Ki match li te jwe ki fè w vin gen respè pou li konsa?
Klike “Repons” pou ekri ti kòmantè w la. (Kreyòl oswa Anglè — toude bon.)
“Kobe.
Mwen te yon fanatik Phoenix Suns, nou te konn byen jwe pandan sezon an - men chak fwa nou fè fas ak Lakers no en n playoffs, Kobe jere nou byen jere. Mwen te konn fache - men m te respekte l..”
“Kafou
Lè misye fèk parèt, m di kot brezil prale ak jwè sa gwo po sa epi aprè sa tout match li jwe li pote gwo sipò pou brezil
“Ronaldinho. Misye twò konn jwe.”
“Mwen te fanatik Brezil, men lè m gade ankò… mwen pa ka bay eskiz. Zidane te fò.”
“Respè pou talan se respè pou jwèt la. Sa se youn nan pi bèl pèfòmans mwen te wè.”
“Mwen pa t renmen Zidane lè m te piti… men an verite, li te yon mayestro.”
“Sometimes you gotta respect greatness even if it hurts 😅”
“Mwen te antoure ak fanatik Brezil tou… mwen te rete bèbè, men nan kè m mwen t ap di: wow!”
Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.
Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.
Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.
Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.