Se te yon jou lekòl, men nou te leve a lè sa pou n te ka gade match sa. Ekip ki te pèdi a t ap tou elimine.
Gen moun ki pa t vle al dòmi paske yo pa t vle rate match enpòtan sa. Donk yo te rete je klè tout nwit lan.
Ou ka imajine sa?
2:30 nan maten… n ap gade match!
Èske w sonje rezon ki fè match yo te jwe a lè sa yo?
Se paske Mondyal 2002 a te fèt nan peyi Kore ak Japon.
Donk lè pa yo te diferan ak lè pa nou an.
Lè Angletè te bay Brezil gòl anvan, tout moun nan kay la rete an silans, paske yo tout t ap sipòte Brezil.
Kòm gen plizyè fason yon moun ka jere strès lè ekip yo ap pèdi… Gen moun se fè silans. Gen moun deside pa gade match la ankò.
Men Sèm nan li menm…
Fason li te jere strès pa l la te enteresan anpil.
Li pran yon sèvyèt, li mare l nan senti l tankou yon fi ki gen tranche.
Brezil pa t ko bay gòl. Match la te sere anpil…
Men sèvyèt ki mare nan senti Sèm nan te pi sere toujou.
Rivaldo ak Ronaldinho te ede ekip Brezil la genyen match la.
Se vre li te fènwa nan vwazinaj la, men te gen anpil bri k ap fèt paske ekip la genyen.
Sa ki te enteresan se kèk moun ki t ap sipòte ekip Ajantin nan te fache poutèt bri yo, paske li te toujou anviwon 4è nan maten. Gen de moun ki te toujou ap dòmi.
Men sa k t ap sipòte Brezil yo te di:
“Sipòtè Ajantin se ekskiz y ap bay… paske ekip yo te gentan elimine depi premye tou, men Brezil te vin kalifye pou demi final. Donk yo pat vle pou brezil te genyen.”
Tout strès fini aprè match la… Men mwen ak Sèm nan t ap jere pwòp strès pa nou.
Sèvyèt la te tèlman mare di, li te difisil pou n te demare l.
Sèm nan te kòmanse santi doulè. Li te kòmanse pa ka pran souf byen.
Donk sa nou te oblije fè… Nou pran yon kouto pou n chire sèvyèt la.
E se te yon ti sèvyèt li te renmen anpil.
Ou ka imajine nan ki pwen strès nan match te konn mete moun lontan?
Malerezman nou pa t ka al dòmi ankò, paske li te lè pou n prepare nou pou n al lekòl.
Nou te pase yon nwit san dòmi. Men nou pa t gen okenn eskiz pou n pa t ale lekòl.
Paske menm jan nou te motive pou n te gade match sa… Se menm motivasyon paran nou te di nou dwe genyen pou n ale lekòl jou sa.
Jis imajine kijan jounen lekòl sa te pase 😞
Ekri repons ou. Ou kapab ekri an Kreyòl oswa an Anglè.
Mwen joure tout jwè yo, mwen di yo youn pa vo anyen. Epim di mwen pap fanatik ekip sa anko.
Poutan nan pwoche mondyal la mwen pi chofe dèyè ekip la ankò😂😂😂😂😂🚔 ”
“Ah monchè, anpil boutèy dlo pèdi lavi yo..”
“Lè ekip mwen ap pèdi, mwen vin an silans… mwen pa menm vle moun pale avè m.”
“Mwen konn soti deyò, pran ti lè. Paske si m rete ap gade, m ap fè kòlè.”
“Mwen konn sispann gade nèt… epi mwen retounen sèlman lè yo fè egalizasyon.”
“I just stop watching and check the score later. Less stress.”
“Mwen konn priye pou yo fè yon gòl… men pafwa sa pa mache 😭”
Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.
Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.
Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.
Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.