Sa poko janm rive w, kote w ap gade yon match, sitou lè se yon ekip ou pa ta renmen pèdi, epi lòt ekip la ap mennen sou li? Selon ou menm, ou pa wè okenn espwa ankò.
Ou di nan tèt ou: “Bon, match sa fini.”
Ebyen, se konsa m te santi m lè m t ap gade match Ajantin vs Ejip la.
Lè Ejip te fè premye gòl la, mwen te toujou rete kalm. Mwen di: “Ajantin ap egalize. Pa gen pwoblèm.”
Apre sa, Ajantin vin jwenn yon penalite, epi Messi rate l.
Men lè Ejip fè dezyèm gòl la, mwen pa t bezwen plis prèv. Mwen pran remote la, mwen etenn televizyon an. Mwen di: “Ajantin elimine.”
Men sa m pa t konnen, se te gen yon lòt fason mwen t apral kontinye “gade” match la.
Epi fason sa a te pi bon pase televizyon an menm.
Mwen nan yon group chat ak kèk zanmi m ki renmen gade foutbòl ak baskètbòl. Yon ti tan apre mwen fin etenn televizyon an, mwen remake telefòn mwen kòmanse ap fè bri.
Lè m gade, mwen wè gen anviwon 20 mesaj ki antre. Anpil nan yo ap ekri an menm tan.
Mwen di tèt mwen: “Tann non… sa k pase la a?”
Lè m kòmanse li kèk mesaj, mwen wè yo di Ajantin fè gòl. 2-1. Mwen di: “Hmm… yo poko mouri nèt.”
Apre sa, pa menm gen twòp tan ki pase, mwen wè yo di Ajantin egalize. 2-2.
La a, mwen te sezi. Mwen te gentan vle al ouvè televizyon an ankò. Men mwen pa t fè sa. Paske franchman, mwen te kòmanse jwenn plis amizman nan swiv sa zanmi m yo t ap di nan group chat la pase pou m tounen ouvè televizyon an.
Detanzantan, mwen t ap li mesaj yo pou m konnen kijan match la ye. Se kòmsi group chat la te vin tounen televizyon m. Chak moun te gen pwòp kòmantè pa yo, pwòp reyaksyon pa yo, pwòp panik pa yo.
Mwen menm, mwen te chita la ap swiv tout bagay tankou se yon emisyon live.
Yon ti tan ankò, mwen wè anpil nan yo kòmanse ap ekri an menm tan ankò. Lè m wè sa, mwen pa t menm bezwen mande twòp kesyon. Mwen te gentan konnen yon bagay rive.
Se lè sa a mwen konprann Ajantin te fè twazyèm gòl la.
Franchman,mwen te pi kontan swiv group chat la pase pou m te kontinye gade match la sou televizyon. Paske nan moman sa a, se pa match la sèlman ki te enteresan. Se reyaksyon zanmi m yo ki te fè tout bagay vin pi komik.
Lè match la fini, se lè sa a mwen te al gade repriz yo sou televizyon.
Mwen di mèsi ak group chat sa a, paske se li ki te mete m live nan bèl match sa a, menm lè televizyon m te etenn.