Opinyon pa m sou premye match Ayiti nan Koup di Mond lan.
Sa fè 52 ane depi Ayiti te fè pati gwo chanpyona sa ki rele Koup di Mond lan.
Anpil Ayisyen k ap vini Ozetazini fè tout sa yo kapab pou yo ka asiste apeprè youn nan twa match Ayiti ap jwe yo.
Yo kontan dèske peyi yo rive nan gwo etap sa a.
Se avèk anpil kè kontan mwen t ap gade ekip Ayiti a ki t ap jwe avèk anpil devouman kont ekip Ekòs la.
Se vre yo pèdi 1-0, men ou te ka wè yo te fè tout sa yo kapab pou yo te egalize.
Gen anpil moun ki di abit la te mal jere match la.
Yo fè konnen abit la te plis apiye sou ekip Ekòs la.
Men dapre sa m te wè nan match la, abit la te fè kèk fot sou toulede ekip yo. Men mwen konprann emosyon anpil fanatik ayisyen yo paske te gen yon okazyon kote boul la te frape nan men yon jwè ekip Ekòs la, men abit la pa t rele l penalite, e lòt abit ki ap gade nan VAR la tou pa t rele anyen.
Malerezman nan foutbòl, bagay sa yo konn rive.
E kèlkeswa fanatik yo ka di oubyen fè, sa pap ka chanje match la ankò.
Mwen te satisfè sou fason ekip Ayiti a te jwe kont ekip Ekòs la.
Men mwen te atann pou Ayiti te bat match sa a paske 2 lòt match yo pral jwe yo pap fasil pou yo menm.
Eskizem, si mwen di mwen gentan ap panse ak Mondyal 2030 lan.
Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.
Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.
Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.