SOUVNI MONDYAL Epizòd 1 — 1998: Doulè a kòmanse

Souvni Mondyal 98

Yon ti moso nan memwa m… kote tout bagay te kòmanse..

Moun ap gade match la lakay, sou televizyon gen Ronaldo ki dezapwouve.

⚽ Kòmansman an…

Mwen sonje mwen te gen sizan lè m te kòmanse gade foutbòl seryezman. Premye match mwen sonje klè nan memwa m, se te yon match kote mwen te vrèman santi tansyon an.

Se te Brezil k ap jwe kont Lawolann (Netherlands). Match la te difisil… li te rive jouk nan penalite. Lè Tafarel, gadyen Brezil la, te kenbe dènye penalite a, kay la te eksploze. Moun t ap rele, moun t ap bat men. Pifò moun ki t ap sipòte Ajantin yo te leve, yo te kouri ale.

Men sa m sonje plis toujou… se pa sèlman match la.

Se jan kay la te plen moun.

Nan moman sa, pa t gen kouran. Yo te limen delko pou nou te ka gade match la. Limyè a te fèb, men tout je te kole sou televizyon an.

Gen kèk ki te chita atè, lòt te apiye sou miray, gen moun menm ki te kanpe deyò fenèt la pou yo ka wè.

Byen souvan, nou te konn bese volim televizyon an pou nou moute volim Radyo Karayib, paske daprè mwen, se yo ki te konn bay match la plis chalè. Vwa animatè yo te konn fè nou santi tankou nou te andedan estad la menm.

Match sa a te fè mwen vin kwè Brezil te prèske enposib pou bat.

Men kèk jou apre…

Yon move rezonman!

Lefètke mwen te piti, mwen pa t gen anpil lespri. Mwen te panse ekip mwen renmen an — epi ki gen anpil moun k ap sipòte l — te dwe otomatikman genyen final la. Men se te yon fo rezonman.

Ekip Lafrans lan fè m wè mwen te nan erè. Men menm lè Lafrans te deja gen twa gòl sou Brezil, mwen te toujou kwè Brezil t ap retounen nan match la.

Malerezman… sa pa t fèt.

E jou sa a, te gen anpil plenyen… anpil kriye… anpil kè kase.

Yo ap goumen pou demare sèvyèt la.

Nou te kwè nan Ronaldo… men li pa t sanble kwè nan tèt li.

Nan tout chanpyona a, Ronaldo te make 4 gòl epi li te bay 3 pas gòl. Donk nou te kwè li t ap byen jwe nan final la tou. Men malerezman… sa pa t fèt.

Gen anpil moun ki bay vèsyon pa yo sou rezon ki fè Ronaldo pa t byen jwe, epi rezon ki fè Brezil te pèdi jou sa
Men nan videyo anba a, Ronaldo bay kèk detay sou kondisyon fizik li, epi sa ki te pase anvan match final la.

Thumbnail videyo: Ronaldo esplike sa ki te pase anvan final 1998 la

Ronaldo esplike sa ki te pase anvan final 1998 la

Klike pou gade videyo a sou YouTube.

Gade sou YouTube

Kesyon

Ki ekip ou te vle wè genyen nan Mondyal 98 la?

Chwazi youn.

Apre ou chwazi ekip la, nou pral kontinye ti konvèsasyon sa 😄

💬 Sa Kèk Lektè Di

Lektè

“Mwen te gen 4 lane. Se lè m te vin pi gran mwen te tande pale de bèl rivalite Lafrans ak Brezil la. Epi mwen t al gade match yo sou entènèt! Mwen santi, si m te gen lespri nan epòk la, mwen t ap sipòte Lafrans. Paske yo te ‘underdog’ la nan epòk la. Se t apral premye Koup di Mond yo t ap ranpòte.”

Lektè

“Mwen te gen yon randevou enpòtan ki te tonbe nan menm lè ak match la. Aprè randevou a, lè m aprann rezilta match la, vant bouyi!!!”

Lektè

“Monchè, Mwen menm depi m tou piti map gade foutfòl e map distrèm tou e mwen fanatik.
Mwen pral vin konmanse demakem de fanatik se an 98. Yon ekip kap krache dife epi ki pral pran 3 gòl nan men Lafrans.
Donk reyaksyon se menm manje mwen pat ka mande jou sa. Mwen tou di ki bagay sa ki konsène m nan sa.”

Lektè

“As an Argentina fan, I won’t lie — I was happy Brazil lost.”

Lektè

“Jou sa a, mwen te aprann ke pafwa ou ka renmen yon ekip… men sa pa vle di yo ap toujou genyen.”

👉 Si w renmen seri a, ou ka abòne pou w resevwa notifikasyon lè nouvo epizòd yo disponib.

Avi enpòtan

Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.

Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.

Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a. Videyo yo rete pwopriyete mèt yo sou YouTube. Si yon videyo pa parèt dirèk sou paj la, ou ka bezwen gade li dirèk sou YouTube.

Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.