TI KOZE SOU SPÒ — BASKÈTBÒL Epizòd 2 — 83! Bam pase 81 Kobe a

83! Bam pase 81 Kobe a

Yon swa istorik… men se apre match la ti koze a te kòmanse.

Ilistrasyon AI an stil desen anime sou Bam Adebayo ak pèfòmans 83 pwen li.

Yon lòt bagay ki te make sezon an…

Apa New York Knicks ki te chanpyon NBA ane sa a, gen yon lòt bagay ki te pase nan sezon an ki te enpresyone m anpil.

Nan dat 10 mas 2026, yon jwè Miami Heat ki rele Bam Adebayo te fè yon bagay mwen pa t atann ditou.

Li fè 83 pwen kont Washington Wizards! 😳🏀

Se yon zanmi m ki te rele m pou l di m sa, paske mwen pa t menm konnen match la t ap jwe.

Lè l di m Bam fè 83 pwen, premye reyaksyon m se te: “83 pwen? Bam?”

Mwen te oblije al gade repriz match la.

E apre m fin gade l, mwen ka di yon bagay: fè 83 pwen nan yon match baskèt pa fasil ditou.

Sa te vrèman enpresyonan. Bam te gen 31 pwen nan premye ka a, 43 nan mitan match la, epi li fini ak 83 pandan Miami bat Washington 150-129.

🏀 83 pwen 🔥 31 nan premye ka 📊 Miami 150 — Washington 129

Men… gen yon nimewo anpil moun pa t vle wè l pase

Ilistrasyon AI an stil desen anime sou Kobe Bryant ak pèfòmans 81 pwen li.

Lè mwen tande 83, mwen konnen tousuit ki lòt nimewo anpil fanatik baskèt t ap panse ak li:

81. Yon nimewo ki te tèlman asosye ak Kobe.

Nan dat 22 janvye 2006, Kobe Bryant te fè 81 pwen kont Toronto Raptors.

Pandan 20 ane, lè anpil moun tande “81” nan NBA, premye non ki vin nan tèt yo se Kobe.

Se youn nan pèfòmans ki te fè pati istwa li.

Donk lè Bam rive sou 81… epi apre sa li ale sou 83

Mwen te deja konnen gen kèk fanatik Kobe ki pa t ap pran sa fasil. 😂

E se la ti koze a te kòmanse…

Bam fè 83.

Sou papye, sa senp: 83 plis pase 81.

Men apre match la, se pa tout moun ki t ap pale sèlman de kantite pwen yo.

Youn nan bagay ki te fè anpil moun pale se kantite free throws Bam te tire. Li te fè 36 sou 43 free throws.

Se la kèk fanatik te kòmanse di 83 la te enpresyonan, men yo t ap konpare fason Bam te rive sou 83 ak fason Kobe te rive sou 81 li a.

Gen moun ki te konsantre sou kantite free throws Bam te tire. Gen lòt ki te santi Miami te kontinye chèche Bam nan fen match la pandan li t ap pwoche bò kote rekò a.

Men te gen yon lòt bò tou: 83 se 83. Ou toujou oblije mete pwen yo.

E se sa ki fè moman sa a enteresan. Se pa sèlman lefètke Bam te fè anpil pwen. Se lefètke li pase yon nimewo ki te deja gen yon gwo plas nan istwa NBA.

81 ak 83

Ilistrasyon AI an stil desen anime ki konpare 83 pwen Bam Adebayo ak 81 pwen Kobe Bryant.

Mwen konprann poukisa gen fanatik Kobe ki te santi yon bagay lè Bam pase 81 lan.

Paske pafwa nan spò, yon nimewo vin plis pase yon nimewo.

81 te vin yon pati nan istwa Kobe.

Men sa pa vle di sa Bam fè a pa enpresyonan.

Mwen menm, se lè mwen al gade repriz match la mwen te vrèman reyalize kantite travay sa mande pou yon jwè rive sou 83 pwen nan yon sèl swa.

Nou ka pale de free throws yo. Nou ka pale de fason Miami te jwe nan fen match la. Nou ka konpare l ak Kobe.

Men lè match la fini, tablo a te toujou ekri:

BAM ADEBAYO — 83 PWEN. Yon pèfòmans ki antre dirèk nan istwa NBA.

E kounye a, lè n ap pale de pi gwo pèfòmans yon jwè fè nan yon match NBA, non Bam ladan l tou.

100 — Wilt Chamberlain.
83 — Bam Adebayo.
81 — Kobe Bryant.

Sa pou kont li… se yon bagay mwen pa t janm panse mwen t ap ekri. 😂🏀

Avi enpòtan

Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.

Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.

Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.