CHEF CURRY Epizòd 2 — Ti dezòd

Epizòd 2

Chef Curry — Ti derespektan🤣

Chef Curry k ap tounen pandan balon an nan lè a.

Anpil defansè nan NBA fè konnen se Stephen Curry ki pi difisil pou yo defann. Paske li toujou ap kouri sou teren an pou l ka jwenn boul la kote li byen bezwen l lan.

Sa fè defansè yo fatige. E lè yo resi rive kanpe devan Curry pou yo defann li, Curry gentan voye boul la.

E sa ki pi derespektan an, se dèfwa li voye boul la epi li vire do l bay panye basket la, paske pou li menm balon an ap tonbe nan panye a kanmenm.

Men yon videyo ki montre plizyè fwa li fè aksyon sa yo.

Kesyon

👉 Kesyon pou ou

Sa w panse de shot san gade sa yo?

Klike “Repons” pou ekri sa w panse a. (Kreyòl oswa Anglè — toude bon.)

Lektè

“Pi bon fason mwen te ka defann curry se mete yon minòt ni nan menm ni nan men l”

Lektè

“Sak mal la de lè l finn choute epi li vire gade jwè ki sou ban lòt ekip la😭”

Lektè

“That’s the type of shot that makes you question life as a defender 😂 😅”

Lektè

“Mwen menm mwen rele sa talan… paske pa tout moun ki ka fè sa”

Lektè

“Nah that’s just skill… not everyone can shoot like that”

Avi enpòtan

Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.

Paj sa a se yon ti koze sou baskètbòl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou jwèt la — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn jwè.

Imaj la se yon imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.

Videyo YouTube la pa pou mwen. Li la sèlman pou ede ilistre sijè n ap pale a.

Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.