SOUVNI BASKÈT Epizòd 1 — KOBE!

Epizòd 1

KOBE! — Yon ti souvni senp sou fason nou te konn jwe baskètbòl ann Ayiti.

Timoun k ap jwe baskètbòl ak yon boutèy dlo ak yon bwat fatra.

KOBE!

Kijan ou te konn jwe baskètbòl lè ou te timoun?

Mwen menm…

menm si nou pa t gen boul…

se ak yon boutèy dlo nou te konn jwe.

Panye a?

yon bwat fatra.

Plizyè timoun nwa k ap jwe baskètbòl ak yon boutèy dlo ak yon bwat fatra pandan y ap rele Kobe.

Chak fwa yon moun choute boul la…

tout moun di:

“KOBE!”

Menm si yo konnen yo pral rate l…

yo toujou di:

“KOBE!”

Premye jwè ki te fèm konmanse enterese nan basketbòl se te Kobe nan ane 2003.

Kesyon

👉 Kesyon pou ou

1)Kisa ou te konn itilize kòm boul oswa kòm panye lè w t ap jwe baskètbòl lè w te timoun

Klike “Repons” pou ekri ti kòmantè w la. (Kreyòl oswa Anglè — toude bon.)

💬 Sa Kèk Lektè Di

Lektè

“Nou menm se ak sèso nou te konn fè panye 😅. nou ouvri li, fè l won… epi kole l sou yon fenèt an fè .”

Lektè

“Mwen sonje sa… nou te konn pran nenpòt bwat nou jwenn pou fè panye.”

Lektè

“Se pa manti 😭 baskèt nan lari se te plezi! Pafwa menm se ak papye kaye nou te konn fè boul la.”

👉Si w renmen seri a, ou ka abòne pou w resevwa notifikasyon lè yon nouvo epizòd disponib .

Avi enpòtan

Tanpri pran yon ti moman pou li sa anba a.

Paj sa a se yon souvni pèsonèl ansanm ak kèk opinyon. Objektif li se pataje emosyon ak eksperyans sou foutbòl ak baskètbòl — li pa fèt pou atake okenn moun ni okenn ekip.

Imaj yo se imaj AI ki fèt pou ilistre istwa a.

Si ou pataje yon souvni oswa yon repons, li ka parèt sou paj la san non ou. Nou pap janm pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ou, ni voye spam oswa pwomosyon ba ou.